FÒMASYON AGRIKÒL • ASAD
Jèn yo mete men nan tè a
Yon pa pou lavni
PIYON • 1YE NOVANM 2026

Nan kad vizyon li pou ankouraje jèn yo angaje yo nan devlopman peyi a, Òganizasyon Marie-Claire Heureuse (MMCH) te soutni patisipasyon 8 jèn fi ak jèn gason nan yon semèn fòmasyon sou agrikilti nan komin Piyon. Fòmasyon an te kòmanse dimanch 1ye novanm 2026 la.
Agrikilti rete youn nan domèn ki kapab kontribye nan pwodiksyon manje, otonomi ekonomik ak avni Ayiti. Se nan lespri sa a MMCH te mete fòmasyon sa a nan kalandriye aktivite li yo, atravè ASAD, yon gwoup jèn fi ak jèn gason ki angaje yo anba vizyon òganizasyon an.
Pou ede uit jèn yo patisipe, MMCH ak sipòtè li yo te mobilize 150 dola pou chak jèn, sa ki reprezante 1,200 dola an total. Kontribisyon sa yo te ede rann patisipasyon jèn yo posib epi soutni reyalizasyon aktivite a.
Pandan semèn nan, patisipan yo te jwenn okazyon pou aprann epi mete konesans yo an pratik nan jaden an. Foto aktivite yo montre jèn yo ap obsève plant yo, prepare tè a epi patisipe nan travay jaden. Eksperyans sa a te pèmèt yo wè agrikilti kòm yon domèn ki mande konesans, angajman ak travay ann ekip.
Pou ane 2026-2027 la, objektif MMCH se voye plis jèn pran kalite fòmasyon sa yo. Òganizasyon an vize 12 jèn pou ane a, men ak sipò moun ki vle, li ka fè plis pase sa.
Nan dènye jou fòmasyon an, jèn yo te pran angajman pou yo pa kenbe konesans yo te akeri yo pou tèt pa yo sèlman. Yo deklare yo vle rete angaje anba vizyon MMCH la epi pataje sa yo aprann ak lòt jèn ki poko byen konprann enpòtans travay latè. Se konsa, fòmasyon an ka sèvi kòm yon pwen depa: patisipan yo vin tounen moun ki kapab transmèt konesans ak ankouraje plis jèn dekouvri valè agrikilti.
Travay latè pa janm yon wont.
Lè jèn yo jwenn aksè ak fòmasyon, yo kapab pote konpetans yo nan aktivite ki sèvi kominote yo epi ede peyi a pwodui plis nan sa li bezwen.
Nan non Konsèy Administrasyon MMCH la, òganizasyon an retire chapo li epi salye chak grenn sipòtè ki te kontribye lajan nan pòch pa yo pou ede fè jounen fòmasyon sa yo tounen yon reyisit. San solidarite ak angajman chak moun, patisipasyon uit jèn sa yo pa t ap posib nan menm kondisyon an.
MMCH remèsye tout moun ki te patisipe nan inisyativ la epi ankouraje lòt jèn yo pou yo suiv egzanp patisipan yo: aprann, mete men nan tè a, epi pataje konesans yo ak lòt moun.
MMCH ak ASAD: jèn yo nan tè a, espwa a nan aksyon.
ALAINSHOW — NOU SE SOLÈY DÉBAT!